Wednesday , September 30 2020
Home / CEPR Blog / Depatman Leta Ameriken Fè Yon Gwo Kontra ak Yon Konpayi Sekirite ki Gen Koneksyon Politik

Depatman Leta Ameriken Fè Yon Gwo Kontra ak Yon Konpayi Sekirite ki Gen Koneksyon Politik

Summary:
In English An Novanm 2019, nan kad sipò li pou PNH, Biwo Entènasyonal Dwòg ak Aplikasyon Lalwa nan Depatman Leta Ameriken bay bay lapolis yon kontra ,000 pou pwovizyon “kit anti-manifestasyon” pou inite lapolis ki chaje kontwòl foul, CIMO, daprè enfòmasyon ki genyen nan baz done kontra gouvènman Ameriken. Nan komansman ete a CIMO ak lot inite PNH te itilize gaz lakrimojèn ki fabrike Ozetazini pou yo dispèse aktivis ki te rasanble devan Ministè Lajistis e ki tap manifeste pou dwa a lavi pandan peyi a ap viv yon sitiyasyon prekòs. Lapolis fè zak represyon nan manifestasyon an aloske òganizate yo te resevwa lese pase nan men otorite legal yo avan yo manifeste. Sa se egzamp ki montre poukisa kontra Depatman leta sa yo enkyetan – pa selman poutet jan ekipman sa yo ap sèvi men poutèt

Topics:
Matt Sedlar considers the following as important:

This could be interesting, too:

Jake Johnston writes State Department Awarded Contract to Politically Connected Security Firm

Jake Johnston writes The OAS Picks Sides in Haiti … Again

Jake Johnston writes The US Has Been Exporting COVID-19 to Haiti; Now, It Is Returning a Death Squad Leader

In English

An Novanm 2019, nan kad sipò li pou PNH, Biwo Entènasyonal Dwòg ak Aplikasyon Lalwa nan Depatman Leta Ameriken bay bay lapolis yon kontra $73,000 pou pwovizyon “kit anti-manifestasyon” pou inite lapolis ki chaje kontwòl foul, CIMO, daprè enfòmasyon ki genyen nan baz done kontra gouvènman Ameriken.

Nan komansman ete a CIMO ak lot inite PNH te itilize gaz lakrimojèn ki fabrike Ozetazini pou yo dispèse aktivis ki te rasanble devan Ministè Lajistis e ki tap manifeste pou dwa a lavi pandan peyi a ap viv yon sitiyasyon prekòs. Lapolis fè zak represyon nan manifestasyon an aloske òganizate yo te resevwa lese pase nan men otorite legal yo avan yo manifeste. Sa se egzamp ki montre poukisa kontra Depatman leta sa yo enkyetan – pa selman poutet jan ekipman sa yo ap sèvi men poutèt òganizasyon ki resevwa kontra sa: X-International.

baz done USASpending.gov kap montre acha $73,000 ke X-International, LLC fè pou “kit ekipman anti-manifestasyon” pou CIMO.

Daprè rekò entrepriz Florida yo, X-International apateni a Carl Frédéric Martin, alyas “Kappa”. Yon Ayisyen-Ameriken epi se yon ansyen manmb US Navy. Depi kèk lane, Martin enplike nan zafè fòs sekirite an Ayiti byen ke se koze bizness prive li ki pi enkyetan, patikilyèman kontra sa li genyen ak Depatman Leta.

An Jen, près lokal la repote ke Martin avec yon fanmi Dimitri Herard – ki se chèf gad Palè Nasyonal la – fome yon nouvo konpani, Haiti Ordnance Factory S.A (HOFSA). Daprè dokiman anrejistreman li, nouvo konpani sa ta otorize pou li fè zam ak aminisyon an Ayiti. Aprè nouvèl la gaye ke konpani sa te egziste, gouvènman Ayisyen an revoke lisans biznes li. Men sa se te selman youn nan nouvo biznis Dimitri Herard and Carl Frédéric Martin tapral fè.

An Avril 2020, avan koze HOFSA a te rive nan zorèy piblik la, Herard ak Martin te fòme yon lòt konpani: Tradex Haiti S.A. Kontrèman a HOFSA, Tradex pa otorize pou li fabrike zam ak aminisyon, li egziste tankou yon konpayi sekirite ki ka sèlman achte epi van ekipman sa yo. Herard ak Martin tap eseye rantre nan sektè zam lan pou plis pase yon lane. Kounya, daprè yon sous ki gen konesans sou endistri sa an Ayiti, yap opere youn nan dilèchip zam ki pi lucratif nan peyi a.

Arestasyon yon trafikan zam… yon opòtinite rate

Nan fen Desanm 2019, gouvènman Ayisyen an arete yon biznisman, Aby Larco. Akizasyon yo di li te yon sous enpotan nan zafè trafik zam nan peyi Dayiti. Larco te opere yon gwo konpayi zam pandan kek lane, konpayi sa te gen kontra ak Polis Nasyonal, Ambasad Ameriken te sèvi ak konpayi sa anpil pou reparasyon zam tou. Men, komisè ki aretel la di tou, li te enplike anpil nan koze vann zam pa anba, zam ki anpil fwa ta tonbe nan men gwoup kriminèl.

Aprè arestasyon Larco, komisyon dezameman, ki te kreye pou yo retire zam nan men sitwayen, deklare li gen yon lis kriminèl ki te resevwa zam nan men Larco. Plis pase 8 mwa pita, dosye Larco a pa avanse e pa gen nouvo enfòmasyon ki bay sou vant zam ilegal. Pandan tan sa a, arestasyon Larco a fè plas nan mache zam Ayiti pou lòt moun vinn enstale yo.

Daprè plizyè sous ki gen konesans sou dosye sa, Herard ak Martin te an diskisyon ak Larco pandan plizyè mwa pou yo gade si yo ka travay ansanm. A la fen, sous yo di Larco te rejete travay avèk yo. Sèt jou aprè yo finn aretel, anrejistreman HOSFA parèt nan Le Moniteur. Byen ke Prezidan Jovenel Moïse te vantel deske li te arete Larco e li te pale de sa kòm yon gwo viktwa nan koze batay kont trafik zam nan peyi a, gouvènman an pako di anyen sou chèf gad li kap travay tou antan ke yon dilè zam prive.

Le Moniteur kap montre anrejistreman HOFSA.

Herard li menm te enplike nan dosye abi dwa moun. Rapò Depatman Leta sou dwa moun an 2019 note ke Herard:

… tire e blese de(2) sitwayen nan zòn Delmas 15 nan Pòtoprens jou ki te 10 Jen. Aprè ensidan sa, plizye temwen swiv machin Herard lakay li nan Delmas 31. Lè li rive lakay li, Herard ak lòt polisye PNH ki te la kòmanse tire sou gwoup sitwayen yo e yo arive blese de (2) ladan yo.

Byen ke arestasyon Larco kreye plas pou Martin ak Herard rantre nan mache lokal sa, Martin ap travay nan sektè sa pandan byen lontan. Moun ki travay nan endistri sa konen Martin pou travay li konn fè nan asanble zam ak diferan pati- sa vle di manifaktire nouvo zam ki pa gen nimewo de seri, kidonk ke yo paka retrase. Anpil moun kwè ke se Martin ki te bay zam bay mèsenè Ameriken ki te arete an Ayiti an 2010 yo. Gen moun ki te wè li nan lari Potoprens mele ak lapolis pandan manifestasyon anti-gouvènmantal yo nan menm peryòd sa. Gen kèk douzèn manifestan ke yo te touye lè sa, daprè rapò òganizasyon dwa moun.

Etazini ap ogmante finansmanl malgre sitiyasyon dwa yo ap deteryore

An Jen, jou aprè la polis te kraze yon manifestasyon pasifik devan Ministè Lajistis, sitwayen òdinè ki te arme te desann anba lavil. Yo fè pati nouvo alyans: “G9 an Fanmi e Alye” ke ansyen polisye Jimmy Cherizier, dirije. Pesonn pat ka jwen lapolis lè sa a. Washington Post repote sou sa nan debi mwa sa a, li di:

Lè nèg Cherizier yo te pran lari an Jen, temwen di yo te wè yo kap sikile nan machinn Lapolis Nasyonal ak Machinn Fos Sekirite Espesyal. Ministè Lajistis Lucmane Delil denonse gang yo e li pase lòd bay lapolis pou yo swiv yo, apre kèk èdtan, Moïse revokel.

Kèk jou avan atik Washington Post lan, ni Anbasad Ameriken ak misyon Nasyon Zini an Ayiti a denonse proliferasyon ak pouvwa gwoup ame yo an Ayiti. Nasyon Zini espesyalman pale de Cherizier, sitou de enplikasyonl nan masak Gran Ravine an 2017, La Saline an 2019 ak tout lòt abi li fè depi lè a.

Òganizasyon dwa moun nan peyi a denonse fòmasyon G9 la e yo di ke alyans sa fè pati de plan gouvènman pou li konsolide kontwòl sou zòn nan peyi a ki plen moun avan eleksyon ki swadizan ap planifyen yo. Cherizier denye ke lap travay ak administrasyon Moïse la. Washington Post kontinye ekri:

Men pou konpatriyòt li ki soufri anpil, gwoup Cherizier a, G9, envoke anpil nan laterè Tonton Makout yo, ki te gwoup paramilitè ki terorize Ayiti pandan deseni anba diktaktè François “Papa Doc” Duvalier avek pitit li, Jean-Claude.

Pierre Esperance, Direktè RNDDH di “Gouvènman an pa di anyen a pwopo de [ekstansyon Cherizier a], e kominote entènasyonal la fè komsi yo pa wè.” “Pa gen eta de lwa anko, gang yo tounen makout. Sanble gen yon volonte pou yo enstale yon nouvo diktati.”

Reprezantant Amerikèn ki soti California, Maxine Waters, kondane Cherizier ak mank inisyativ gouvènman an, li pwente dwèt sou administrasyon Trump lan ak sipò li kontinye bay gouvènman Ayisyen an. Li di Washington Post “Pa gen vre preyokipasyon sou Ayisyen yo ak ka yo- ke prezidan an ap touyen yo oubyen bat yo […] toutotan nou gen prezidan an sou bò nou, tout bagay ok”

Michele Sison ki se yon ansyen Anbasadè Etazini an Ayiti di Post la konsa “olye pou nap lonje dwe sou moun […] bi nou se pou nou ankouraje tout aktè pou yo panse a sak pi sansib yo e kontinye fè fas a pi gwo difikilte yo”

Nan yo dènye rapò, RNDDH rapòte ke te gen omwen 111 moun ki te mouri anba zak vyolans gang nan Cité Soleil nan mwa Jen an Jiyè. Arestasyon Larco a an Desanm 2019 lan sanble pa afekte trafik zam na peyi a. Nan dènye semèn sa yo, temwen di yo wè moun kap pote gwo zam otomatik ki sanble travay Martin konn fè a. Sa a vle di ke gen yon posibilite ke zam li yo rive nan men gang ak gwoup vyolan, ke li vlel ou pa. Men menm lè akizasyon vyolasyon dwa moun -ak konplisite Lapolis- kontinye monte, Etazini kontinye ogmante sipò pal pou PNH.

Nan debi mwa sa, Depatman Leta di Kongrè a ke lap rebay $8 million nan bidjè ane denyè pou sipo PNH. Depi lè Trump prezidan, Etazini miltipliye sipò li pou PNH an 4. Li te kòmanse a $2.8 milyon an 2016 e ane dènyè li te rive $12.4 milyon. Avèk dènye realokasyon sa, chif ane sa a gen pou li pi wo. Sipò finansye ameriken yo bay PNH la reprezante plis pase 10% bidjè enstitisyon sa.

 

PNH, ki sot selebre 25 an degzistans, pa byen finanse e anpil nan anplwaye li yo pa menm resevwa yon salè regilye. Men nan anviwonman sa a, sipò Etazini ap bay la, pa sanble lap regle anyen espesyalman pa rapò a sitiyasyon sekirite a kap deteryore. Pou lapèn, sipò diplomatik ak finansye nan men administrasyon Trump la sanble ap soude rezo koripsyon yo ki ap antretni sitiyasyon ensekirite sa, sa ka gen konsekans motèl pou anpil moun.

Lajan Depatman Leta bay X-International selman reprezante yo ti mòso nan sipò finansye li bay PNH men malgre sa li represzante youn nan manyè sipò Ameriken an kontinye kenbe sitiyasyon peyi a janl ye a.

The post Depatman Leta Ameriken Fè Yon Gwo Kontra ak Yon Konpayi Sekirite ki Gen Koneksyon Politik appeared first on Center for Economic and Policy Research.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *