Thursday , June 4 2020
Home / CEPR Blog / Etazini vle depòte yon gwo asasen an Ayiti

Etazini vle depòte yon gwo asasen an Ayiti

Summary:
AyiboPost Al gade nan atik sou sit orijinal la An Anglè Pandan pandemi COVID-19 la, prèske tout fwontyè ak ayewopò nan mond lan fèmen men avyon Imigrasyon leta Ameriken (ICE) kontinye vole. Chak 2 a 3 semèn, yon vòl depòtasyon konpayi Swift Air, LLC opere, ateri nan ayewopò Pòtoprens. Apre youn nan vòl sa yo te ateri nan mwa Avril ki sot pase a, te genyen omwen 3 nan moun ki depòte yo ki teste pozitif pou Koronaviris la. Pandemi a ap vale teren espesyalman nan sant detansyon ICE yo, kote yo kontinye mete lavi milye moun an danje pandan yap kontinye vòl depòtasyon yo. Constant enplike nan krim tankou asasina anpil moun, e li pase 12 dènye lane yo nan yon prizon leta Nouyòk pou gwo vòl ak fwod Lendi 11 Me k ap vini la a, gen yon lot vòl depòtasyon ICE Air ki planifye pou li rive Ayiti.

Topics:
Matt Sedlar considers the following as important: ,

This could be interesting, too:

James Picerno writes Back In The Saddle Again: Growth And Momentum Equity Factors

James Picerno writes Macro Briefing | 3 June 2020

Gregor Samsa writes QOTD: Beautiful Or Bleak America?

James Picerno writes Risk Premia Forecasts: Major Asset Classes | 2 June 2020

ayiboPost

Al gade nan atik sou sit orijinal la

An Anglè

Pandan pandemi COVID-19 la, prèske tout fwontyè ak ayewopò nan mond lan fèmen men avyon Imigrasyon leta Ameriken (ICE) kontinye vole. Chak 2 a 3 semèn, yon vòl depòtasyon konpayi Swift Air, LLC opere, ateri nan ayewopò Pòtoprens. Apre youn nan vòl sa yo te ateri nan mwa Avril ki sot pase a, te genyen omwen 3 nan moun ki depòte yo ki teste pozitif pou Koronaviris la. Pandemi a ap vale teren espesyalman nan sant detansyon ICE yo, kote yo kontinye mete lavi milye moun an danje pandan yap kontinye vòl depòtasyon yo.

Constant enplike nan krim tankou asasina anpil moun, e li pase 12 dènye lane yo nan yon prizon leta Nouyòk pou gwo vòl ak fwod

Lendi 11 Me k ap vini la a, gen yon lot vòl depòtasyon ICE Air ki planifye pou li rive Ayiti. Daprè yon dokiman ke HRRW te rive jwenn, ICE  t ap planifye pou depòte Emmanuel « Toto » Constant, ki enplike nan krim tankou asasina anpil moun, e ki pase 12 dènye lane yo nan yon prizon leta Nouyòk pou gwo vòl ak fwod. Constant nan kategori moun ICE kalifye kòm “Depòtasyon Wo Nivo” (« High Profile Removal « ).

Apre anpil kritik, ICE retire non Emmanuel Constant nan lis pasaje pou vòl lendi a. Pèsonn pa konnen si epi kilè y ap retounen mesye sa a nan peyi a.

Pakèt depotasyon sa yo prezante yon chaj adisyonèl sou sistèm sante ayisyen an ki deja twò chaje, alòske gouvènman an oblije sèvi ak ti resous li genyen yo pou li mete moun yo depòte yo an karantèn epi okipe yo pandan kèk semèn.

Nan fen Avril, komisyon syantifik gouvènman an te etabli, mande Prezidan Jovenel Moïse pou li kanpe lòt depotasyon pandan pandemi a. Reprezantan gouvènman ayisyen an deside pa bay kòmantè.

ICE anonse li pral ogmante kantite depòte k ap jwen tès aprè anpil ofisyèl nan rejyon an plenyen pou sa. Malgre sa, pèsonn pako klè sou kijan ak konbyen tès k ap bay. ICE deklare y ap resevwa 2000 kit tès pa mwa alòsoke chif sa pi ba ke kantite moun k ap depòte chak mwa.

Chanjman resan nan ICE kontinye bay lòt peyi nan zòn lan pwoblèm poutèt presyon diplomatik y ap resevwa anba administrasyon Trump pou yo kontinye ak vòl depotasyon ICE yo. Daprè yon konpilasyon rechèch ke CEPR fè, ICE fè omwen 246 vòl depi kòmansman Fevriye. Apre yon ti peryod souf, semèn sa a, depòtasyon yo rekòmanse e yo ogmante anpil.

Gouvènman Ayisyen an eseye denonse vòl yo. Claude Joseph ki se Ministè Afè Etranje, di Miami Herald an Avril ke li te nan kominikasyon ak ofisyèl nan peyi Etazini pou li mande yo fè yon kanpe sou vòl depòtasyon yo. Li di Ameriken yo te aksepte kanpe vòl yo tanporèman pou moun ki gen dosye kriminèl pou yo pa mete plis estrès sou sistèm prizon peyi a. Men jiskaprezan, Etazini poko deside kanpe tout vòl yo nèt. Yon ansyen manm gouvènman Ayisyen an di konsa toujou gen diskisyon pou yo kanpe tout vòl yo nèt men malgre sa, sanble inisyativ la pa reyisi.

Jou k ap Lendi 11 Me a, pwochen vòl depòtasyon ICE la planifye pou li rive Pòtoprens daprè dokiman yo. Avan yo te retire non Emmanuel Constant, ICE te di 51 nan 101 pasaje yo gen yon dosye kriminèl.

Constant ki gen 63 lane te asasinen anpil moun. ICE pa reponn a yon demand pou komantè. Ajans lan gen yon tandans pou li pa kòmante sou vòl depòtasyon ki pral fèt.

Constant te dwe pase 37 lane nan prizon, men dokiman prizon leta Nouyòk montre ke yo te lage Constant bay ICE jou ki te 7 Avril la, kidonk 12 lane apre jijman li, pou yo te ka depòte l. Pwochen odisyon pou liberasyon kondisyonèl li te planifye pou mwa Dawout 2020. Papye ICE montre ke kounye a, li nan yon sant detansyon federal ICE nan Buffalo, Nouyòk kote te gen omwen 45 ka Kowonaviris ki konfime.

Etazini vle depòte yon gwo asasen an Ayiti Etazini vle depòte yon gwo asasen an Ayiti

Yon Batay kont enpinite kap reprann

Constant se ansyen chèf Fwon pou Avansman ak Pwogrè Ayisyen (FRAPH). Se yon òganizasyon paramilitè ki responsab lanmò 3 000 a 4 000 Ayisyen apre koudeta 1991 lan – òganizasyon an responsab pou ka vyòl, kidnaping ak “torture”. Aprè yon tan, yo te revele ke Constant te sou payroll CIA pandan peryòd sa a.

Apre Jean-Bertrand Aristide tounen Ayiti an 1994, Constant kite Ayiti pou l al viv Nouyòk. An 2000, yon tribinal ayisyen kondane Constant ak 14 lòt moun, in absentia, pou zak ak atwosite yo komèt nan masak Raboteau an 1994. Yon aksyon sivil te reyisi bay fanmi viktim yo $140 milyon dola. An 2005, aprè 2zyèm koudeta Aristide la, tribinal ayisyen an vinn retire santans pou moun ki te jije an fas yo. Jijman kont Constant an rete valid, daprè plizyè òganizasyon k ap defann dwa moun.

Tribinal Ameriken rekonèt responsabilite Constant nan krim kont limanite tou. Nan non 3 fanm ke Constant te teworize, Sant pou Jistis ak Responsabilite (CJA) ak Sant pou Dwa Konstitisyonèl (CCR) pote yon plent an aksyon sivil kont Constant an 2004. Óganizasyon sa yo ranpòte yon jijman ki ba yo $19 milyon dola. Constant eseye konteste desizyon an nan kou dapèl men yon tribinal federal pran desizyon pou jijman an pa chanje an 2009.

An 2008, yo arete Constant pou vòlè ak “mortgage fraud” nan yon tribinal Nouyòk. Santans Constant te ant 12 a 37 lane. Li te nan prizon jiska mwa dènye, avan yo libere li bay ICE. An 2016, lè Constant te pral gen liberasyon kondisyonèl, avoka CCR ak CJA ekri manm komisyon liberasyon kondisyonèl leta Nouyòk pou yo di yo kont liberasyon Constant: “Si yo libere Constant nan Nouyòk, l ap tounen yon gwo danje, li kapab menm retounen Ayiti pou li eksplwate sitiyasyon peyi a pou avantaj politik li”.

Kounya, si administrasyon Trump lan ta deside remete Constant sou yon vòl dirèk ICE Air pou yo ka depote li tounen Ayiti, pako gen enfòmasyon sou sa k ap rive asasen an lè li rive nan peyi a.

Mario Joseph deklare ¨Si yo vrèman depòte Constant an Ayiti semèn pwochèn, obligasyon sistèm jistis ayisyèn yo klè”. Fòk Leta ¨arete Constant moman li rive epi asire ke yo kenbel responsab devan pèp ayisyen an”. Joseph, ki se yon avoka dwa moun Ayisyen nan Biwo Avoka Entènasyonal (BAI), te avoka ki te asire ke yo jwenn Constant koupab nan Masak Raboteau a anfas viktim yo ak fanmi yo. 20 lane aprè, batay pou jistis ak responsabilite a kontinye.

Joseph di Constant ka akspete jijman ki ekziste a oubyen li ka mande yon nouvo pwosè kòm yo te jije li, in absentia, pou premye a. Joseph note tou ke sistèm jistis Ayiti a te akòde pou yo lage moun ki te jije deja nan zafè masak Raboteau a. Nan moun sa yo, genyen Jean Robert Gabriel, ke gouvènman Ayisyen an te nome kòm wo komandan nan nouvo Fòs Ame Ayiti an 2018. Joseph ajoute ke Constant te kite peyi a an 1994, jisteman pou li pa pran responsabilite pou zak ak krim li yo e ke peyi Ameriken pat egzekite yon jijman pou yo bay lòd pou li retounen Ayiti lè jijman Raboteau a t ap fèt.

« Menm jan BAI te fè ak pwosè Raboteau yo, l ap kontinye pote vwa li bay jistis pou viktim Constant yo », Joseph di. « Lalwa peyi Dayiti klè sou kisa ki pou rive aprè. M espere leta ayisyen ap fè fas a responsabilite li ».

Nan depòtasyon ki pral fèt lendi yo, gen 100 endividi. Ladan, ap gen 50 ki gendwa pral oblije fè tan nan prizon Ayiti. Jiskaprezan, gouvènman ayisyen ap sèvi ak otèl pou yo mete moun ki sot nan vòl Swift Air yo an karantèn. Li ba yo manje epi li fè pwomès sipò medikal pou depòte yo. Li pako klè kisa otorite yo pral fè ak depòte  ki gen pou yo fè fas ak lajistis yo.

An 2019, prizon Ayiti yo te okipe a 358%. Prizon yo toujou gen twòp moun. Yo kenbe 3 fwa plis moun ke kapasite yo. Pandemi sa montre sitiyasyon difisil prizon yo, menm nan peyi Etazini kote COVID-19 la kontinye simayen pi rapidman nan prizon ke nan piblik jeneral la. Gouvènman nan mond lan, avèk gouvènman Ayiti a tou, anba presyon pou yo retire plis moun nan prizon akoz pwoblèm sante piblik la. Soti 19 Mas, lè Ayiti te deklare eta dijans nan peyi a, rive 15 Avril, omwen 459 prizonye lage an Ayiti daprè RNDDH.

Marie Rosie Auguste Ducena nan RNDDH Di : « Poutèt move kondisyon ak sitiyasyon twòp moun nan prizon Ayiti yo, li enpòtan pou gouvènman an lage kèk moun – espesyalman sa ki pako janm wè yon jij e ki pako konn kilè y ap soti ak sa yo kenbe pou ti zak ». Menm avèk prison Ayiti yo k ap debòde, peyi a ap fè fas a yon kriz enpinite avèk moun ki jwi pwoteksyon poutèt koneskyon politik yo. Marie Rosie Auguste Ducena ajoute : « Plis depòtasyon ap sèlman kontribye ak plis estrès sou enstitisyon Ayiti yo ».

ICE ap fè fas ak anpil presyon nan peyi Etazini sou sijè depòtasyon pandan pandemi an. Semèn pase, plis pase 15 Senatè te ekri Sekretè Leta Mike Pompeo ak Sekretè enterim Sekirite Enteryè Chad Wolf pou mande yon kanpe sou depòtasyon ICE yo, jiskaske enstitisyon an ka asire ke moun y ap depòte yo teste avan. Lèt la te presede pa lòt jefò ki te sot nan Chanm Representative la ke Rep. Frederica Wilson (D-FL) ap dirije. Chanm lan te mande ICE pou li kanpe tout lòt vòl depòtasyon an Ayiti pandan pandemi a.

Guerline Jozef ki se Direktris jeneral Haiti Bridge Alliance di : « Depòtasyon Constant an ap konplike bagay yo nan plizyè nivo ». « Nou pa konnen poukisa y ap depòte l kounyeya, sitou lè n ap gade sitiyasyon politik peyi a ». Jozèf di li enkyete si Constant retounen, l ap kreye plis enstabilite, espesyalman si n ap konsidere jijman li nan peyi Dayiti.

Menm si òganizasyon li ladan an te pran devan pou ekri yon lèt mwa dènye avèk 164 lòt oganizasyon pou yo mande pou vòl depòtasyon yo kanpe pandan pandemi an, pou Jozef, vrè demand lan se pou yo kanpe tout vòl nèt. « Nenpòt jan w gade l, si depòtasyon kontinye sa vle di n ap kontinye ekspòte COVID-19 a travè rejyon an ».

The post Etazini vle depòte yon gwo asasen an Ayiti appeared first on Center for Economic and Policy Research.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *